Mwen anvi

Cheri depi la map diw eskizem pou tout sa m pral diw yo
Pawol mwen yo pap vwale, e yo pap twò sousye de defiw yo
M pral met kèm atè, e m ka menm pale de dezim yo
Paske m santi yo depase sa nou konn wè nan fim yo

Cheri, m anvi chita kotew, poum ap tande ti vwaw nan zorèy mwen
M anvi pou ond vocal ou antre, pou yo travèse kòkòlòs tèt mwen
Pou yo rezonnen tankou yon son tanbou ki va reveye sans mwen
Menm jan panse avew selman relimen flanm mwen

Cheri mwen anvi, mwen anvi pansem pèdi nan jew
Mwen anvi pou pasem, pesonn pa vo plis nan jew
Mwen anvi anvim vin anviw, pou ka anvim anvi manjew
Pou anvim manjew ak sos, nan bol grès ou bèl nègès poum lanbew

Mwen ta vle toujou nan pansew menm jan ou toujou nan chanm ou
Mwen anvi pase menm sou pow poum fè konkirans ak rad ou
Mwen ta vle souse krèk ou jouk m fè larivyè ogmante grad ou
Kite dlo bouboun nan jayi pou lesprim neye nan mitan janm ou

Mwen anvi souse tèt bouch ou, petèt ma erite ti moso nan jeniw
Konsa m ta konn egzakteman kijan poum sedwiw, poum ka meziw
m ta vle nou fonn, pou vin mwen, pou menm penim vin peniw
konsa m ta toujou kanpe pou ou menm devan enmiw poum beniw

Pou sèvom pèdi kontwòl lang mwen pandan lap pase bò kouw
Pou dwèt mwen yo endepandan, pou yo vin miltitach, tankouw
bouch mwen li menm ta dwe ret kole la, nan kouw
Mwen anvi fèw pèdi tè Pandan ti frèm nan ap chache wout touw

Mwen anvi zoutim antre anndan bwat sekrèw, paske se plas li
Pou senti nou brase ansanm, tankou yo tap swiv tras li
Pou gouyad nou yo tranble lanati, ki ap ban nou gras li
lè nou fini pou tèt ou vin depoze sou mwen paske se plas li.

Kev l'incompris

Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

Poème à l’âme Usée

Je vais Bien

Ne me croyez pas